Haiti Brasil em foco

Haiti Brasil em foco Informações para nos contatar, mapa e direções, formulário para nos contatar, horário de funcionamento, serviços, classificações, fotos, vídeos e anúncios de Haiti Brasil em foco, Agência de viagens, São Paulo.

Randevou viza Brezil pa twò lwen lage
26/01/2026

Randevou viza Brezil pa twò lwen lage

25/01/2026

📢 *ENFÒMASYON ENPÒTAN: TOUT SA OU DWE KONNEN SOU VIZA IMANITÈ BREZIL (2012 - 2026)*

*​Men istwa viza imanitè Brezil pou Ayisyen*

Nou konnen peyi nou ap travèse moman difisil depi apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la. Sitiyasyon sa te pouse anpil nan nou chèche yon pi bon lavi nan peyi Brezil, souvan nan kondisyon ki danjere, anpil nan te konn eseye travèse fontyè Pewou ak Ekwatè.

​📜 *1. Yon ti listwa sou Viza imanitè*

​Pou te konbat trafik moun ak vwayaj ilegal, gouvènman Brezilyen an (pa mwayen Paulo Sérgio de Almeida) ansyen prezidan konsèy nasyonal imigrasyon te siyen Rezolisyon nimewo 97 la nan dat 12 janvye 2012. Se depi lè sa a Brezil te kòmanse bay Ayisyen viza pou rezon imanitè. Sa te bay dwa ak yon rezidans 5 an. Rezolisyon sa te kontinye valid jiska 2016.

​🔄 *2. Chanjman ki fèt soti 2017 pou rive 2024*
​Nan lane 2017: Yon nouvo lwa sou imigrasyon Brezil te antre anvigè.
https://www.planalto.gov.br/ccivil_03/_ato2015-2018/2017/lei/l13445.htm

​Nan lane 2018: Yon dekrè (No. 10) te rann pwosesis la pi fasil pou nou. Sistèm sa te mache byen rive jouk nan mwa desanm 2024.
Depi 2018 plizyè lòt dekrè soti pou ranplase lòt dekrè ki pa valid ankò. Link pou gen aksè ak tout portaria yo:

2018: https://portaldeimigracao.mj.gov.br/images/portarias/PORTARIA%20INTERMINISTERIAL%20N%C2%BA%2010,%20DE%206%20DE%20ABRIL%20DE%202018.pdf

2019:https://portaldeimigracao.mj.gov.br/images/portarias/PORTARIA_INTERMINISTERIAL_N%C2%BA_12_DE_20_DE_DEZEMBRO_DE_2019.pdf

2020:https://portaldeimigracao.mj.gov.br/images/portarias/PORTARIA_INTERMINISTERIAL_N%C2%BA_13_DE_16_DE_DEZEMBRO_DE_2020.pdf

2021:https://portaldeimigracao.mj.gov.br/images/portarias/PORTARIA_INTERMINISTERIAL_MJSP.MRE_N%C2%BA_27_DE_30_DE_DEZEMBRO_DE_2021.pdf

2022:https://portaldeimigracao.mj.gov.br/images/portarias/PORTARIA_INTERMINISTERIAL_MJSP.MRE_N%C2%BA_29_DE_25_DE_ABRIL_DE_2022.pdf

2023:https://portaldeimigracao.mj.gov.br/images/portarias/2023/PORTARIA_INTERMINISTERIAL_MJSP.MRE_N%C2%BA_37_DE_30_DE_MAR%C3%87O_DE_2023.pdf

​⚠️ *3. GWO CHANJMAN NAN LANE 2025 AK 2026 (Sa pou w konnen!)*

​Depi 27 desanm 2024, règleman yo chanje nèt. Men reyalite a pou ane 2026 sa a:
​Sistèm nan pa "Lib" ankò: Ou pa ka sèlman leve ou di w ap fè yon demann viza imanitè pou kont ou konsa ankò. Anbasad Brezil an Ayiti pa gen otorite pou l bay OIM bay randevou ak nouvo dekrè kite soti 27 desanm 2024, tout randevou OIM te bay 2025 se anba PORTARIA INTERMINISTERIAL MJSP/MRE N° 37, DE 30 DE MARÇO DE 2023

Pou m retounen sou dekrè 27 desanm 2024 la. Dekrè sa bay otorizasyon ak oganizasyon sosyete sivil Brezil pou fè pwosesis viza imanitè a. Pou plis enfòmasyon dekrè a disponib nan lenk sa:https://portaldeimigracao.mj.gov.br/images/portarias/2024/PORTARIA_INTERMINISTERIAL_MJSP-MRE_N%C2%BA_51_DE_27_DE_DEZEMBRO_DE_2024.pdf

Portaria nimewo 51 kite soti an 2024 la pa t rive antre an aplikasyon paske gouvènman pat soti avi rekritman (OSC), sa te koz pat gen Ayisyen ki depoze pou viza imanitè anba dekrè sa.

30 desanm 2025, yon nou portaria soti pou ranplase plizyè lòt portarias tankou portaria nimewo 51 an. Se preske menm dekrè nimewo ane 2024 la men avèk kèk ti avantaj.

​Wòl oganizasyon sosyete sivil la: Dapre dènye dekrè ki te soti 30 desanm 2025 la, fòk se yon Oganizasyon Sosyete Sivil ki fè demann lan pou ou.
​Responsablite: Oganizasyon sa a dwe siyen pou li di l ap ebèje w (ba w kote pou w dòmi) epi l ap reponn ak bezwen ekonomik ou lè w rive.
​Ti avantaj pou 2026: Gen yon ti soulajman pou timoun ki vle antre sou viza sa a, kote yo diminye kantite dokiman yo mande pou yo lè demann lan fin apwouve.
Lenk pou gen aksè ak nouvo dekrè nimewo 60 nan:https://portaldeimigracao.mj.gov.br/images/PORTARIA_INTERMINISTERIAL_MJSP-MRE_N%C2%BA_60_DE_30_DE_DEZEMBRO_DE_2025.pdf

​🚫 PA KITE YO MANJE LAJAN NOU!
​Si yon moun oswa yon ajans di w li ka "fè viza a" pou ou san li pa pase pa yon oganizasyon ki an kontak ak gouvènman Brezilyen an, SE MANTI.
​Pa peye gwo som lajan bay moun ki di y ap "pran randevou" pou viza imanitè fasil.
​Viza a baze sou yon kolaborasyon ant Leta Brezilyen ak oganizasyon ki aksepte pran responsablite moun k ap vini an.
​Si ou pa gen yon oganizasyon ki siyen pou ou, viza imanitè a p ap mache jan l te konn ye anvan an.
​Konpòte nou an moun pridan. Pataje mesaj sa a ak tout fanmi ak zanmi pou nou sove pòch nou. Brezil chanje fason li bay viza a, pa kite vòlè sèvi ak ansyen metòd pou yo ban nou manti.
​Mèsi pou lekti nou! An nou rete vijilan.

25/01/2026

ENFÒMASYON ENPÒTAN:

12:36

TOUT SA OU DWE KONNEN SOU VIZA IMANITÈ BREZIL (2012 - 2026)

Men istwa viza imanitè Brezil pou Ayisyen:

24/01/2026

Ou ta renmen ki dokiman w ap bezwen pou depoze pou viza Brezil?

  pa lwen lage randevou
22/01/2026

pa lwen lage randevou

22/01/2026

ap gen pou anonse randevou viza Brezil regwoupman familyal nan pa twò lontan.

Endereço

São Paulo, SP

Notificações

Seja o primeiro recebendo as novidades e nos deixe lhe enviar um e-mail quando Haiti Brasil em foco posta notícias e promoções. Seu endereço de e-mail não será usado com qualquer outro objetivo, e pode cancelar a inscrição em qualquer momento.

Atalhos

Compartilhar