06/01/2026
Kanmarad Chavannes Jean-Baptiste : Yon Mapou ki kontinye enspire jenerasyon yo
Pandan misyon nan depatman Sant lan, nou te gen privilèj rankontre ak Kamarad Chavannes Jean-Baptiste, fondatè Mouvement Paysan de Papaye(MPP) ak youn nan pi gwo referans peyi a nan òganizasyon peyizan ak devlopman kominotè.
Nan 79 lane li, li kontinye pote menm vizyon an: bati yon Ayiti ki chita sou òganizasyon, solidarite ak angajman sitwayen yo.
Sa ki plis make nou se imilite li ak konfyans li kontinye mete nan nouvo jenerasyon an. Pou li, lavni Ayiti depann de kapasite nou pou kreye yon pon ant eksperyans ansyen yo ak inovasyon jèn yo.
Rankont sa a fè nou sonje : yon mouvman grandi lè li transmèt konesans, valè ak eksperyans bay jenerasyon k ap vini yo.
Pou Gwoup Konbit, Kanmarad Chavannes se yon sous enspirasyon, yon egzanp pèseverans ak yon temwayaj vivan ki montre nou vrè chanjman mande tan, disiplin ak angajman.
Mèsi Kanmarad Chavannes pou 53 lane sèvis ak pou espwa ou kontinye simen nan peyi a.
Se ansanm nou fò. Se ansanm nou kapab bati byennèt kolektif la.
——-