Resèt Kreyòl

Resèt Kreyòl Paj sa li la poul fèw rejwenn gou bouch ou ak bèl resèt kreyòl.

20/12/2025

Men bon resèt Kreyòl 👇

Resèt Benyè

*Engredyan*

_2 tas farin frans
_2 gwo kiyè s*k
_sèl
_1 ti kiyè ledven
_1 ze
_½ tas lèt
_1 ti kiyè esans vaniy
_1 ti kiyè bè magarin
Lwil

*👩🏽‍🍳 Preparasyon*

1. Nan yon bòl, melanje farin lan, s*k la, sèl la ak ledven an.

2.Ajoute ze a, lèt, esans, bè.
Byen brasel

3. Kite pat la repoze
Kouvri l pandan 30–45 minit

4. Chofe lwil la
Pran ti kiyè pat, lage yo ladanl
Vire yo jiskaske yo vin byen dore.

% Resèt Kreyòl 🇭🇹🇭🇹

19/12/2025

*Griyo*

*Engredyan:*

_2 liv vyann kochon
_1 zonyon
_3–4 dan lay
_Ji 1–2 zoranj si
_1 ti piman
_Ten,pèsi
_Sèl ak pwav
_1 kiyè epis ayisyen
_Lwil pou fri

*Preparasyon:*

1. Koupe vyann lan an moso. Lave l ak zoranj

2. Marine vyann lan ak lay kraze, zonyon tranche, piman, ten,pèsi,sèl,pwav, epis.
Kite l poze omwen 1 èdtan

3. Mete vyann lan sou dife,mete dlo epi Kite l bouyi jiskaske li byen mou epi dlo a prèske fini.

4. Lè vyann lan fin seche nan chodyè a, mete l nan lwil cho pou fri jiskaske li vin byen dore.

5. Retire l, kite l degoute.

Avèk Resèt Kreyòl wap rejwenn gou bouch ou ankò!

Endereço

Chapecó, SC
89809780

Horário de Funcionamento

Segunda-feira 08:00 - 18:00
Terça-feira 08:00 - 18:00
Quarta-feira 08:00 - 18:00
Quinta-feira 08:00 - 18:00
Sexta-feira 08:00 - 18:00
Sábado 08:00 - 12:00

Telefone

+5549984087049

Notificações

Seja o primeiro recebendo as novidades e nos deixe lhe enviar um e-mail quando Resèt Kreyòl posta notícias e promoções. Seu endereço de e-mail não será usado com qualquer outro objetivo, e pode cancelar a inscrição em qualquer momento.

Entre Em Contato Com O Negócio

Envie uma mensagem para Resèt Kreyòl:

Compartilhar