22/04/2020
Hello, Hola, Bonjou, Bonswa! Moun Mwen yo!
Haiti bel peyizaj, Kowona virus Codvid19. Mesaj pou nou!
Kowona virus se yon gro flewo kap bay problem nan mond lan e ki afekte nou sikolojikman, emosyonelman, ekonomi nou tou. Men nou met pran kouraj paske Bondye ap delivre nou e lap kontinye ede w. Selman met lafwa nan li e fel konfyans a 100%.
Bon Mezanmi gen anpil ki ap inyore maladi a, ki pa pran l serye, ki ap fe pawol politik avel. Mezanmi map di nou, retire lide sa yo nan tet nou, pran maladi a oserye epi pran dispozisyon pou w proteje tet ou ak lot moun ki ozalantou w.
1. Donk Mezanmi pa soti souvan, planifye jou nap soti a nan semen nan epi ekri tout sa nap gen pou nou fe pou jounen an. pa al lakay moun pou grenmesi.
2. Pote mask chak fwa nap soti epi kite l nan vizaj nou jiskake n antre lakay nou, gan bon tou poun mete. Le nou nan lari, pa mete Men nou nan bouch nou, zye nou ak nan nen nou. epi lave Men nou jis nou koud ak vizaj nou le nou antre lakay nou. Touse nan koud nou.
3. Toujou achte Savon, cloros, sanitazer pou mete lakay la oubyen mache avek yo. Konsa nap ka dezenfekte Men nou ak espas nou sevi yo regilyeman. Evite kontak ak moun ki malad si posib oubyen moun ki gen sentom maladi Codvid19. Kowona viris. Pa sevi nan menm veso ak moun.
4. Pa salye moun pre, pale avel a distans. Le nou nan liy, nap mache nan lari, le nou kote ki gen anpil moun, repekte 2 men distans lan. Poukisa? paske si moun pale pre nou e menmsi li pa pale depi li gen kowona viris epi li kole pre nou, li ka ban nou kowona viris. Donk ou pa konnen kiyes nan liy nan ki genyen l, e w pa konnen kiyes ki ap mache toupre w ki genyen l. Donk pwoteje tet ou lew bay moun distans. Li ta bon ou lave rad ou lew soti kote ki gen moun.
5. Proteje timoun lakay ou, moun ki aje, moun ki ansent. Pa kite yo soti menm. pito se ou ki al fe transakyon yo nan lari a paske w konnen ou byen proteje tet ou. Siw pa gen kontrol yon moun sou fason l pwoteje tet li, pran anpil prekosyon ak li.
Mezanmi Kowona virus se yon maladi espesyal vre, men si nou swiv konsey sa yo, nou ka goumen avel epi grasa ed Bondye nap pote laviktwa.
Se te yon mesaj Haiti Bel Peyizaj!
PDG John De Normal Di Nou, Pa Fe Tet Di!