Peter-Lyne

Appeler Itinéraire Site Web Contacter l'entreprise

Peter-Lyne dèyè chak relasyon, gen yon istwa pou rakonte. ✨
(1)

Peter-Lyne Show est une émission de couple où Peterson et Elcharlyne abordent avec authenticité des sujets sur le mariage, les relations, la foi, la famille et le développement personnel.

Pase w ta dwe rete nan pase w, paske pase a pa gen anyen pou l wè ak avni w. Sispann rete ap konsantre sou sa ki pase de...
16/10/2026

Pase w ta dwe rete nan pase w, paske pase a pa gen anyen pou l wè ak avni w. Sispann rete ap konsantre sou sa ki pase deja. Tanpri, pa blese pèsonn akoz move eksperyans ou te fè nan tan lontan. 🙏🏽❤

Vin nou fon ti pale, èskew konnen tout moun gen yon pase? Kisa Pase w ye?

Ebyen, Pase w se yon pati nan istwa w, men li pa oblije defini avni w. Sa w te viv yè pa vle di se menm bagay la w ap viv demen. Moun ki te fè w mal yo pa nesesèman reprezante tout moun w ap rankontre nan lavi w.

Petèt ou te fè eksperyans trayizon, desepsyon, manti oswa abandònman. Petèt ou te bay tout lanmou w, men se doulè ou te resevwa an retou. Nou konprann sa ka difisil pou w fè konfyans ankò. Men, tanpri, pa kite move eksperyans ou yo fè w vin tounen yon moun ou pa t janm vle ye.

Se pa tout moun ki vini nan lavi w ki gen entansyon blese w. Gen moun ki sensè, ki gen bon entansyon, ki pare pou renmen w toutbon, men ou ka fini pa pouse yo ale paske w ap pini yo pou erè lòt moun te fè.

Pase w se yon leson, se pa yon prizon. Aprann nan li, grandi, geri epi kontinye avanse. Pa kite doulè yè a vòlè lapè w jodi a, ni fè w detwi bèl bagay ki ta ka tann ou demen.

🙏🏽 Geri pou tèt ou. Aprann fè konfyans ankò.

15/10/2026

Dèyè sèn nan, se pa sa nou te panse a! 😂

14/10/2026

Gen kèk relasyon, lè w soti ladan yo, menm kè w di w: « Mèsi! » 😂❤️
Cheve w rekòmanse pouse, bèlte po w retounen parèt, ou menm pran pwa ankò… 😁❤️
Pafwa, se lè w kite yon relasyon ou rann ou kont jan lapè, lajwa ak byennèt ou te manke w! 🙏🏽✨

Post sa pou yon moun ki dwe tande pawol sa.

07/10/2026

Avant de vous engager avec quelqu'un, vérifie bien si la personne est vraiment célibataire ou est juste en colère contre son/sa partenaire.
Évitez d'être la "pub" dans la mi-temps d'autrui.

04/10/2026

Peter bon sou Lyne 🤣 ou paka pa ri .

03/10/2026

Aprè volonte Bondye, lanmou se pi gwo fondman yon relasyon
Yon bagay paka pouse sil pat gentan ekziste,
Fòk gen lanmou❤️!

Pandan mwa Oktòb sa, m swete chak moun jwenn lapè, lajwa ak vrè lanmou nan lavi yo menm jan ak sa m ap viv ak madanm mwe...
01/10/2026

Pandan mwa Oktòb sa, m swete chak moun jwenn lapè, lajwa ak vrè lanmou nan lavi yo menm jan ak sa m ap viv ak madanm mwen 🙏🏾💛.”

30/09/2026

PARTIE 2: 😂 gwo jou fèt mwen ankò gade sa Peter fèm… anyenm pat fè non 😭🤣

JODI A SE JOU LYNE! ❤️Tout fanmi Peter-Lyne lan ap pran yon ti moman pou swete Elcharlyne yon trè bèl fèt! 🥳❤️Lyne, nou ...
30/09/2026

JODI A SE JOU LYNE! ❤️

Tout fanmi Peter-Lyne lan ap pran yon ti moman pou swete Elcharlyne yon trè bèl fèt! 🥳❤️

Lyne, nou swete Bondye kontinye akonpaye w, beni w, pwoteje w epi fè w grandi nan tout sa w ap antreprann. 🙏🏽✨

Mèsi tou ak tout nou menm ki toujou la ap swiv, renmen, pataje epi sipòte Peter-Lyne. ❤️

Ann mete yon 🎂❤️ anba pòs la pou swete Lyne
BONNE FÊTE! 🥳🎉

Adresse

Delmas
6120

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Peter-Lyne publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Peter-Lyne:

Raccourcis

Partager