Koze Vwayaj

Appeler Itinéraire Contacter l'entreprise

Koze Vwayaj Depi se zafe vwayaj nou la pou nou edew

Form sa se pou moun ki vle patisipe nan konferans intenasyonal yo... si ou pa interese pa ranplil
16/09/2026

Form sa se pou moun ki vle patisipe nan konferans intenasyonal yo... si ou pa interese pa ranplil

Ane sa nou vle ede anpil jèn gason ak jèn fi pou patisipe nan konferans intènasyonal kap fet yo Se pou rezon sa mwen vle konnen enterè pwofesyonèl chak patisipan potansyèl yo. Tanpri ranpli ti fòm sa

15/09/2026

Moun ki ta vlem ede jwen yon konferans intènasyonal pou yo patisipe yo.. just ekri nan ki peyi nou vle sa

14/09/2026

Sa gen kek mwa la mwen wè anbasad de Frans an ayiti bay anpil viza... Men remak mwen fe se Moun ki pral nan aktivite mizikal. kiltirel. konferans. fomasyon yo plis bay viza

14/09/2026

koman nou ye?

An 2022 mwen gen yon zanmim ki se yon Medsèn... li te kontaktem pou m te edel koman mwen ka akonpanyel poul jwen yon viz...
13/09/2026

An 2022 mwen gen yon zanmim ki se yon Medsèn... li te kontaktem pou m te edel koman mwen ka akonpanyel poul jwen yon viza touris Canadien..

Nan Period la gen yon òganizasyon entènasyonal ki rele: International AIDS Society (IAS) yo Travay pou amelyore prevansyon ak tretman VIH e yo Rasanble doktè, chèchè, responsab sante ak òganizasyon atravè lemond

ebien Òganizasyon sa te gen yon konferans li tap fe nan peyi Canada.. mwen tou profite de sa poum te inskri doktè a ladanl plis 4 lot moun pal organizasyon vin voye lèt invitasyon pou yo apresa mwen moute yon dosye pou tou le 5... ebien yo tou le 5 te jwen viza 10 zan pou peyi canada 🇨🇦

mwen fink kreye yon kont tiktokmen link lan 👉👉 tiktok.com/al swiv li mwen sou li
13/09/2026

mwen fink kreye yon kont tiktok
men link lan 👉👉 tiktok.com/

al swiv li mwen sou li

12/09/2026

Premye fwa mwen ta pral gen yon viza schengen nan paspòm, se te nan Fomasyon mw te inskri poum te patisipe ladanl e fomasyon sa te fet nan peyi ESPAY.

Mwen fin inskri epi yo voye yon Lèt invitasyon pou mwen apresa mwen akonpanye Lèt invitasyon an avek lot dokiman anbasad la te ekzije.. apresa mwen moute dosyem epi boom viza aprouve.

yo te banm viza a pou yon mwa .

mwen fe pos sa poum di nou lè nou wè gen yon forum. fomasyon. konferans. seminè kap fet nan yon peyi etranje... si nou ka inskri tante chans nou paske gen anpil moun se konsa yo jwen viza.

12/09/2026
Men lis dokiman wap bezwen pou jwen viza touris Costa  rica a pandan ou Ayiti.
12/09/2026

Men lis dokiman wap bezwen pou jwen viza touris Costa rica a pandan ou Ayiti.

10/09/2026

KONSEY

Ou nan yon peyi kote leta demisyone.. yo pa bay oken Jèn fi oken Jèn gason regle anyen pou yo.. si ou pa goumen pou w soti tèt ou ou gen plis chans echwe olye ou reyisi

Map di chak jèn Gason Chak Jèn fanm kap li post sa... Si se peyi a ou santi ou ka kite pou sove avniw fe li..goumen ak tout fos ou nanm ou pou sa reyalize, paske se ou kap viv sa wap viv la tout moun ap regle zafe yo..

Ou menm Jèn Gason Jèn Fanm ki pa anvi kite peyi a. ki chwazi rete viv lakay nou map di nou mete Grèn nan bouda nou poun goumen.. paske Ayiti pa fet ni pou moun lach ni pou moun ki zuzu ni pou moun ki konplekse
si nou fe chwa rete a fok nou batay poun rete anvi poun asire avni nou.

Adresse

24 Rue Cassagnol, Delmas 75
Port-au-Prince

Téléphone

43553317

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Koze Vwayaj publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Koze Vwayaj:

Raccourcis

Partager

Catégorie