18/03/2021
Bonswa zanmim, Bondye Beniw fanmi,
gras a Jewova Mwen espere e swete ou anfom.
Nan enkyetud poum asirem, mwen fè devwam ki se pataje avèw verite sou wayòm nan,
Mpase diw kòm konsèy padone frèw, sèw ki peche kont Ou se youn nan gran travay nap fè kap prouve Papa Ou renmenl.
Kolosyen 3 vèsè 13 fè nou konnen...
(Kol3:13) Menmsi yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt, se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè l. Menm jan Jewova padone nou ak tout kè l, nou menm tou, nou dwe fè menm jan an.
Jewova wè pi lwen pasew sil diw sa, prensip yo ka difisil men yo itil e enpotan pou lavi nou. Sou menm kesyon padon an men sa labib aprann nou nan pwovèb 18 vèsè 19
(Pw18:19)19 Li pi fasil pou yo pran yon vil ki byen pwoteje pase pou yon moun rekonsilye ak yon frè l ki fache. Gen kont ki tankou gwo bwa yo konn fèmen pòtay fò yo.
Kounya jwèt Pou ou èskew ap kenbe rankin Ou gen nan kèw ki fèw pa zanmi Jewova, oswa WAP kòmanse prouve Jewova Ou renmenl AK yon premye pa siw komanse padone.
Jwèt nan menw zanmim.
Ke Bondye beniw Ou menm ki li mesaj sa, e Ou fè efò Pou aplike konsèy saj ki soti nan Bib la.Merci
*Pawòl labib pawòl Jewova*
*BP-Rubrique*