
02/06/2024
Pétion-ville 02/06/24
Nan yon kontèks difisil ak yon sitiyasyon patikilye, nou vle salye tout kliyan,tout patenè ak zanmi "HUGO AGENCE DE VOYAGE" yo,epi pwofite okazyon sa pou'n prezante ekskiz nou.
2016-2024 fè nou 8 lane depi nap sèvi yon kominote,malgre gwo van tanpèt lapli nou tonbe men nou toujou releve kanpe.
Eske'n ka di konbyen ajans nou konnen ki te kontinye ekziste aprè gwo van Chili yo nan lane 2018,Beliz,Sirinam 2020/2023,laTiki nan lane 2022?
Eben pat gen plis ke 2,se te nou menm HUGO AGENCE ak HAIDEAL, malerezman ki pat ka kontinye kenbe ki bay vag nan mitan lane 2023.
Eske'n ka di tou konbyen ajans ki te fon paret epi ki disparèt kon kout zeklè?
Wap jwenn anpil,nou pap ka fi'n konte ,men nou menm pou'n te kontinye ekziste nou toujou mete an priyorite satisfaksyon kliyan,li pat fasil ,li konn pran tan se vre,men nou toujou jwenn yon aranjman ak yo pou yo soti satisfè.
Pandan plizyè mwa pòt biwo nou rete fèmen,nou fè silans. Kisa sa vle di? poukisa ? E kisa nou deside ak kliyan ki gen dosye nan men nou?
Se tout kesyon sa yo kap poze?
Sektè ajans vwayaj nan kominote pa nou an se youn nan sektè ki gen plis risk ladanl ,e risk yo se pa tout fwa wap kapab rive kontwole yo paske tout pa depann de ou.
Enstabilite politik ak ensekirite jeneralize depwi mwa fevriye,vyòl konfyans nou sibi akoz absans leta nan men kèk patnè ak konpayi prive entènasyonal ki tap vann vòl chatè,se kèk nan faktè ki frape nou plis.
Nou kapab konstate jiska dat piblikasyon nòt sa,anbasad ki pou founi prensipal dokiman pou pemèt pwosesis vòl yo vanse toujou rete fèmen depi fevriye, e menm avan sa,tout moun ki te aplike direk ou endirekteman te jwenn refi, bagay ki pat janm konn fèt avan.
Nan sikonstans sa,depi jodia nou anonse nou pran yon poz,e nou oblije remèt espas kote biwo nou loje an paske nou pa gen kapasite pou’n kontinye absòbe chaj lwaye ki koute’n chè chak mwa, ak anplwaye , nou pa di nou fèmen definitvman,men nou pran yon poz pou'n ka re-evalye aktif nou,epi jwenn lòt sous finansman,travay pou'n kapab ranbouse kliyan nou dwe ranbouse.
Selon plan finasye ke nou tabli pa rapò ak projè nou genyen,li posib pou'n pare epi komanse ranbousman gradyèlman nan mwa desanm 2024 sa.Menmsi ta gen kliyan ki ta deja kite Ayiti, lap kapab kite yon reprezantanl pou resevwa lajan pou li.Si toutfwa anbasad la ta libere randevou pou yon kliyan,nap kontakte kliyan epi enfome li sa.Kliyan ki gen dokiman paspò nan men nou,kontakte nou sou adrès imel : [email protected] pou’n planifye epi jwenn yon mwayen ki pi fasil pou rekipere’l.
Mèsi !