Jèn nodès angaje

Jèn nodès angaje Contact information, map and directions, contact form, opening hours, services, ratings, photos, videos and announcements from Jèn nodès angaje, Tourist Information Center, San Diego, CA.

08/10/2026

REDIFUSION DE L'EMESSION HAITI ANN PALE ANIME PAR VALCIN.

MW RESI JWENN YON MOUM POUM TANDE APRE BOB C.

JÈN NÒDÈS ANGAJE MEDIA/ WANAMENT/ KOZE KILTI.Nan yon ti vizit tou kout, tankou nou ka konstate, Jèn Nòdès Angaje Média, ...
08/08/2026

JÈN NÒDÈS ANGAJE MEDIA/ WANAMENT/ KOZE KILTI.

Nan yon ti vizit tou kout, tankou nou ka konstate, Jèn Nòdès Angaje Média, te pase wè ti machann ki frekante espas anfas legliz katolik Wanament la jounen Samdi 8 Dawout 2026 la. Lide a se pou kapab mete limyè sou ansanm pwodui sila yo, nou souvan itilize kòm pratik kiltirèl, sitou nan relijyon vodou a.

Prezans ti machann yo ogmante, tankou pwodui yo. E sa vini parapò ak preparatif yo nan kad fèt sen patwon vil la.

Machann yo ekspoze plizyè pwodui yo itilize nan Vodou a tankou: tchatcha, Chandèl, layo, krich, kuiy poun site sa yo sèlman mete sou sa, genyen pwodui atizanal tou: Chapo pay, goumèt( braslè), chèn, sandal elt...

Fanm ak nèg ki antre nan koze vann pwodui kilti peyi a pa sèlman yon komèsan, yon kontribye nan nan kenbe flanbo kilti a byen wo. Sitou, nan yon moman kote sosyete a ap pèdi tout valè li yo.

JÈN NÒDÈS ANGAJE MÉDIA 08/08/2026

SANT ENSKRIPSYON VÒT (CIV) NAN WANAMENT/ JÈN NÒDÈS ANGAJE MÉDIAKEP/CEP a ouvè plizyè biwo pou fè enskripsyon pou elektè ...
08/07/2026

SANT ENSKRIPSYON VÒT (CIV) NAN WANAMENT/ JÈN NÒDÈS ANGAJE MÉDIA

KEP/CEP a ouvè plizyè biwo pou fè enskripsyon pou elektè yo depi 20 JUIYÈ nan tout peyi a epi kap bout 20 OKTÒB. Jou ki te Jedi 6 DAWOUT 2026, Jèn nodès angaje te fè yon vizit nan youn nan (CIV) yo nan komin Wanament kote travay yo ap kontinye. Pandan vizit sila a responsab yo aprann nou ke genyen anpil elektè ki pase pou enskri tèt yo pou yo ka patisipe nan pwochen eleksyon k ap gen pou fèt nan peyi a, suivan kalandriye elektoral la, anba lobedyans dekrè elektoral 2 Juin an.

Suivan enfòmasyon nou jwenn bò kote responsab yo, se moun ki enskri nan sant yo kap genyen chans vote nan eleksyon yo. Pou pi lwen yo fè konnen, se kote w enskri a sèlman wap ka vote. Pou w enskri ou dwe gen ou nan men w ( sa nou rele la), epi enskripsyon yo ap fèt sèlman an prezans moun nan, ki vle di, moun pa ka fè enskripsyon pou moun.

Se pou sa responsab yo ankouraje tout moun ki vle vote nan pwochèn eleksyon yo pou yo ka pase enskri. Si non yo pa p ka vote.

Jèn Nòdès Angaje Média 07/08/2026

CEP HAITI Primature de la République d'Haïti Ministère de l'Intérieur Yvemith Val Jèn nòdès angaje fans Following Viral Viral Tv

07/30/2026
07/30/2026

YON TI KOUT DYALÒG/ REFLEKSYON POU YON BON DEVLOPMAN ANNDAN SEKSYON BWADLORENS LA.

Ing, Kendy Bernadin, yon jèn natif Bwadlorens, pale ak fèmte sou ansanm pwoblèm kominote Bwadlorens l ap fè fas, epi apwoche yon ansanm solisyon tou, nan jou kite 25 Jiyè sou plas Sentàn Bwadlorens la, Jèn Nòdès Angaje Média nan yon mikwo twotwa te jwenn chans pale ak li.

Premye reyaksyon ing Bernadin an chita sou salibrite ki genyen nan zòn nan kote li fè konnen pwoblèm sa yo pa depann de leta santral, paske genyen Majistra, Kazèk... ki la pou rezoud pwoblèm sa yo.

Li ale pi lwen pou fè konnen " SOUS-COMMISSARIAT DE BOIS-DE-LAURENCE " la genyen anviwon 6 lane depui li inogire, se sitwayen anndan kominote a kap fè benevola ladann, li wè sa kòm dezòd anba je leta. Li pousuiv, pou pale tou sou pwoblèm wout ak dlo potab kominote a, epi raple sa yo se travay ak , epi li kritike enstans sila yo, paske selon li ta dwe gen amelyorasyon si enstitisyon leta yo te enspekte zòn sa yo.

Kendy Bernadin kòm pitit Bwadlorens deklare: Bwadlorens jodi a gen anpil kad entèlektyèl, li enpòtan pou nou mete tèt ansanm pou nou vin jwenn chèf seksyon an, ba yo akonpayman nesesè.

O final, li wè pwoblèm wout la kòm yon blokaj kominikasyon ak finans pou Bwadlorens, epi pwofite mande ak vin fè entèvansyon nan zòn nan pou sove popilasyon vilnerab la.

Jèn Nòdès Angaje Média anbrase lide reyini kad seksyon an pou vin kolabore ak otorite lokal yo.

Jèn Nòdès Angaje Média 29/07/2026

Ministère de la Culture et de la Communication Haïti Ministère des Travaux Publics, Transports et Communications Primature de la République d'Haïti Viral fans Jèn nodès angaje Yvemith Val Radio Television Caraibes Tout le monde en parle ONU Haïti Office National d'Identification haiti - officiel

07/28/2026

ENTÈVYOU JÈN NÒDÈS ANGAJE MÉDIA AK YON JÈN NAN SOSYETE SIVIL BWADLORENS LA.

Pierre-Gilles Gilner ( Kayou) nan mikwo Jèn Nòdès Angaje Média 25 Jiyè 2026 la, nan yon entèvyou dekri ansanm pwoblèm ak nesesite kominote Bwadlorens la.

Selon Gilner Bwadlorens gen anpil pwoblèm, pami yo: wout, dlo pòtab pou m site sa yo sèlman e nan analiz pa li, se yon feblès ki genyen nan mitan chèf seksyon yo ak komin lan, li ale pi lwen pou fè konnen, anpil fwa mesye ak dam yo gen volonte men pa gen sifizan mwayen pou fè amenajman nan zòn nan jan sa ta dwe ye.

Pierre-Gilles ale pi lwen pou kritike nèg ak fanm kap fè politik depi lontan nan zòn nan, selon li yo ta dwe yon "mentor " pou tout moun kap viv nan lokalite a.

Kayou nan entèvansyon li deklare se 95/100 chwa politik yo kipa favorab ki mennen nou la e anpil fwa moun sa yo pa konnen reyalite zòn nan, e anpil nan yo pa gen kapasite pou jere pòs yo ladann yo.

Gilner Pierre-Gilles fè konnen zòn nan pral kòmanse devlope se lè tout kouch popilasyon an pran konsyans de eta yo, e founi sitwayen yo edikasyon politik nesesè, kote tout jèn kad lokalite a ap entegre pou sove sekyon an.

O final Gilner Pierre-Gilles envite tout moun apiye pwojè kanditati Jose Mary Fanfan JACOB la, paske selon li se youn nan moun ki gen mayèt solisyon komin lan.

JÈN NÒDÈS ANGAJE MÉDIA swete gen amelyorasyon ki fèt nan leta a pou reponn ak bezwen vilnerab popilasyon an.

Jèn Nòdès Angaje Média 27/07/2026

Viral A la UNE Jèn nodès angaje Ministère de la Culture et de la Communication Haïti Primature de la République d'Haïti Yvemith Val fans DINEPA Ministère du Commerce et de l'Industrie Ministère de la Défense - Haïti Ministère des Travaux Publics, Transports et Communications

 Gran Final chanpyona   2.0 2026 la te mete anfas FC BACELONA vs FC CALABRAISE 25 Jiyè 2025 la nan pak Sentàn Bwadlorens...
07/28/2026



Gran Final chanpyona 2.0 2026 la te mete anfas FC BACELONA vs FC CALABRAISE 25 Jiyè 2025 la nan pak Sentàn Bwadlorens.

Estaf ki tap dirije chanpyona a te prezan ansanm ak kò abitraj la yon fason pou pèmèt aktivite sila a te byen fini.

Pandan peryòd match la FC BACELONA te make 1e gòl la depi nan premye minit match la, epi FC CALABRAISE ta pral jwenn egalizasyon li nan 2e mitan match la.

Sitiyasyon sa te mennen ekip yo nan tiwobi dirèk kòz lwa COUPE CHANGEMENT 2.0 an te entèdi fòmèlman pwolongasyon nan chanpyona a.

Nan konfwontasyon tiwobi a, chak ekip yo te rate yon gòl nan premye peryòd la, e FC BACELONA rate an premye nan 2e peryòd la, sa ki lakòz ekip la elimine otomatik.

FC CALABRAISE venkè COUPE CHANGEMENT 2.0.

Jèn Nòdès Angaje Média ankouraje bèl aktivite kiltirèl sa yo ki fèt nan zòn nan, epi swete estaf la bon siksè.

Jèn Nòdès Angaje Média 27/07/2026.

Ministère de la Culture et de la Communication Haïti Ministère de la jeunesse et des sports
Viral fans Jèn nodès angaje Following Yvemith Val Primature de la République d'Haïti Fédération haïtienne de football FIFA World Cup FIFA

07/26/2026

Mès solanèl fèt Sentàn legliz katolik Bwadlorens/ Jèn Nòdès Angaje Média.

07/18/2026

COUPE CHANGEMENT 2.0 2026, pak Sentàn. Match demi-finale ki mete anfas FC BACELONA vs FC MARANATHA Samdi 18 Jiyè 2026.

JÈN NÒDÈS ANGAJE MÉDIA.

Address

San Diego, CA

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Jèn nodès angaje posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Jèn nodès angaje:

Shortcuts

Share