08/27/2026
🔥🇨🇦🇺🇸 Doug Ford voye yon mesaj klè bay Washington!
Premye Minis Ontario a, Doug Ford, ap menase pran mezi ki ta ka frape Etazini Amerik di ak rèd si Donald Trump deside agrave lagè komèsyal la ak Kanada.
Ontario bay anviwon 1.5 milyon kay ak biznis Ozetazini kouran. Ford fè konnen li pare pou mete tout opsyon sou tab la. “Trump ka niche dèy£m”
“Nou bay 1.5 milyon kay ak biznis kouran. Tout bagay sou tab la. M ap fè sa ki nesesè.”
Anplis tarif Kanada ap prepare pou reponn ak tarif ameriken yo, Ontario ap konsidere tou kesyon elektrisite ak mineral kritik kòm zouti presyon nan batay komèsyal la.
Mineral kritik sa yo gen anpil enpòtans pou sekirite nasyonal ak endistri ameriken an, paske yo antre nan fabrikasyon avyon militè, misil, minisyon ak ekipman elektwonik.
Doug Ford pa t kache pozisyon li: si Washington vle fè presyon sou Kanada, Ontario pare pou reponn. 🇨🇦⚡🇺🇸
⛳ Sous: Associated Press, New York Post, Fort-Liberté, RDI ak lòt sous