Chemen Limyè Nan Brezil

Chemen Limyè Nan Brezil Chemen Limyè nan Brezil se yon paj ki kreye pou ede imigran konprann, prepare, epi reyisi nan tout pwosesis imigrasyon yo nan Brezil.

Nou pataje enfòmasyon klè, senp, epi verifye sou:
✔️ Rezidans tanporè ak pèmanan
✔️ Natiralizasyon
✔️Viza
✔️Dwa ak Devwa 🌿 Chemen Limyè🔥 se yon espas kote nanm jwenn direksyon. Nou pataje pawòl, refleksyon ak enèji ki pra'l ede'w dekouvri fòs ki andedan ou, pou w mache nan limyè. Chak pawòl nou se yon flanm ki pral gide'w nan chemen transfòmasyon'w.💫

12/03/2026

REGWOUPMAN FAMILYAL--- VITEM XI

Enpòtan : Sou demann Anbasad Brezil an Ayiti, demand regwoupman familyal yo dwe swiv
règleman ki nan Portaria 12 pou ane 2026. Depi kounye a, frè viza pou Anbasad Brezil ap
ajoute sou frè administratif OIM yo.
Demand pou randevou yo dwe voye nan adrès imèl sa a : [email protected]
N ap resevwa randevou ki konfime yo nan imel sa [email protected]

Lis dokiman ki dwe nan chak demand
Tanpri toujou sonje tout dokiman kap soti Brezil yo dwe legalize oubyen fèt kay notè epi yo
dwe vin jwenn benefisyè ki konsène a dirèkteman ak so orijinal nan yon anvlop kachte à pati
konpayi sèvis kourye.

Men dokiman w ap bezwen pou fè demand regwoupman familyal (VITEM XI):
• Yon Paspò ki rete pou pi piti 12 mwa pou l fini nan jou wap depoze dosye a, epi fòk li gen
pou pi piti 2 paj vid.
• De (2) foto idantite fon blan ki fenk fèt (dimansyon: 5x5cm / fòma paspò) ;
• Kazye jidisyè ki valid pou 6 mwa ki fèt nan Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) oubyen
ki valid pou 3 mwa ki fèt nan tribinal 1e enstans pou moun ki gen 18 lane e plis.
• Kopi kat rezidans yo bay tout etranje k ap viv legalman Brezil: RNE/RNM. Fòk rezidans la
rete sou li pou pi piti 3 mwa nan jou w ap vin depoze a epi li dwe gen so notè sou li.
• Yon lèt envitasyon ki fèt kay notè ke moun kap viv Brezil la dwe voye ba ou.
• Orijinal fich ki moutre w peye 100.00 $US frè dosye pou chak benefisyè sou kont OIM nan
SOGEBANK sou nimewo sa: 2616027989
• Orijinal fich ki moutre w peye 100.00 $US frè dosye pou chak benefisyè sou kont anbasad
Brezil nan SOGEBANK sou nimewo sa: 130210552

DOKIMAN ADISYONEL W AP BEZWEN SWIVAN SITIYASYON
FANMI AN
1. Si benefisyè a marye (anplis dokiman òdinè yo):
• Orijinal ekstrè akt maryaj epi orijinal esktrè nesans ki fèt nan achiv nasyonal, ki
legalize nan pakè, ministè lajistis ak ministè afè etranjè.

15/01/2026

haitian people, Haitien, haitian in USA, Hitian in Brazil, Haitian in Chile, Haitian in Mexico, Haitian in Dominican Republic, Haitian in Canada, Haitian in France,Haitian in Haiti. -haitians

21/12/2025


Move chans pou misye li pa na machin nan

24/11/2025

pèp la pap jwe ak politisyen ayisyen yo fwa sa.

Limyè

10/11/2025

Nou pran nan pa konprann, aprann viv ansanm se solisyon an.



̀

Endereço

Brasília, DF

Notificações

Seja o primeiro recebendo as novidades e nos deixe lhe enviar um e-mail quando Chemen Limyè Nan Brezil posta notícias e promoções. Seu endereço de e-mail não será usado com qualquer outro objetivo, e pode cancelar a inscrição em qualquer momento.

Atalhos

Compartilhar